Men, anvan Jozèf te rive, yo te gentan wè l byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l. Yonn di lòt: — Hey mesye! Men nonm rèv la ap vini! Annou wè. N'ap touye l, n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l. Konsa n'a wè si sa l te wè nan rèv li yo va rive vre. Riben tap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: — Piga nou touye l. Pa fè san koule. Annou lage li nan pi sa a nan dezè a. Men piga nou touye li. Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove li anba men yo pou voye li tounen kay papa li. Lè Jozèf rive bò kote frè l yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a. Yo pran l, yo jete l nan pi a. Pi a te vid, li pat gen dlo. Apre sa, yo chita pou manje. Pandan yo leve je gade, yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap pase. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap ale vann nan peyi Lejip. Jida di frè l yo konsa: — Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa? Annou vann li ak moun Izmayèl yo. Konsa nou p'ap bezwen pran lavi li tou kri konsa. Malgre tou se frè nou li ye, li se san nou. Frè l yo tonbe dakò. Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou ven pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l nan peyi Lejip.
Li Jenèz 37
Koute Jenèz 37
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 37:18-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo