Jenèz 37:1-36

Jenèz 37:1-36 HAT98

Men Jakòb rete rete l nan peyi Kanaran kote papa l te pase tout lavi l. Men istwa fanmi Jakòb la. Jozèf te yon jenn gason disetan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l yo. Li te konn rapòte bay papa l tout vye bagay yo t'ap fè. Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè li fè Jozèf. Li fè yon bèl varèz manch long ak bon twal siperyè pou li. Lè frè l yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l. Yo pat louvri bouch avè l san yo pa joure l. Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l pi plis toujou. Li di yo: — Mesye, tande yon rèv mwen fè. Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tou dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m lan tankou moun y'ap salwe. Frè l yo di l: — Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a. Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l bay frè li yo. Li di yo: — Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalin lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen. Li rakonte rèv la bay papa l ansanm ak frè l yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l: — Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Kounyeya, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou? Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li. Frè Jozèf yo leve, y'ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje. Izrayèl rele Jozèf, li di l konsa: — Frè ou yo mennen bèt yo jouk Sichèm al manje. Vini non, m'ap voye ou bò kote yo pou mwen. Jozèf reponn: — Men mwen wi, papa. Izrayèl di l konsa: — Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l menm ki te fè l pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm, li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l: — Kisa w'ap chache konsa? Jozèf reponn li: — M'ap chache frè m yo. Tanpri, di m ki kote yo mennen bèt yo al manje. Nonm lan di l: — Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan. Jozèf pati dèyè frè l yo, li jwenn yo Dotan. Men, anvan Jozèf te rive, yo te gentan wè l byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l. Yonn di lòt: — Hey mesye! Men nonm rèv la ap vini! Annou wè. N'ap touye l, n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l. Konsa n'a wè si sa l te wè nan rèv li yo va rive vre. Riben tap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: — Piga nou touye l. Pa fè san koule. Annou lage li nan pi sa a nan dezè a. Men piga nou touye li. Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove li anba men yo pou voye li tounen kay papa li. Lè Jozèf rive bò kote frè l yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a. Yo pran l, yo jete l nan pi a. Pi a te vid, li pat gen dlo. Apre sa, yo chita pou manje. Pandan yo leve je gade, yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap pase. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap ale vann nan peyi Lejip. Jida di frè l yo konsa: — Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa? Annou vann li ak moun Izmayèl yo. Konsa nou p'ap bezwen pran lavi li tou kri konsa. Malgre tou se frè nou li ye, li se san nou. Frè l yo tonbe dakò. Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou ven pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l nan peyi Lejip. Lè Riben tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf. Sa te fè li lapenn anpil anpil. Li chire rad sou li sitèlman li te boulvèse. Li tounen al jwenn frè li yo, li di yo: — Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m pral fè kounyeya? Yo touye yon bouk kabrit, yo pran bèl varèz Jozèf la, yo tranpe l nan san an. Yo voye varèz la bay papa yo ak komisyon sa a: — Men sa nou jwenn. Gade wè si se pa varèz pitit gason ou lan. Jakòb rekonèt rad la, li di: — Men wi, se varèz pitit gason m lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l. Bèt la dechèpiye l nèt. Sa ou tande a, yon sèl lapenn trape Jakòb! Li dechire tout rad sou li tank kè li t'ap fann. Li pran sak, li mare ren li epi li pran dèy pou pitit la. Tout lòt gason l yo ansanm ak pitit fi l yo te vin ba l kouray, men li te refize tande sa yo t'ap di l. Li t'ap plede repete: — M'ap kriye pou pitit gason m lan jouk mal jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l lan. Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gentan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an