Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk douvanjou. Lè nonm lan wè li pat ka bat li, li bay Jakòb yon kou nan ren l. Se konsa zo ren l dejwente pandan yo t'ap goumen an. Nonm lan di l: — Kite m ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: — Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale. Nonm lan di: — Ki jan ou rele? Li reponn: — Jakòb. Nonm lan di l: — Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
Li Jenèz 32
Koute Jenèz 32
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 32:24-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo