Jenèz 31:22-42

Jenèz 31:22-42 HAT98

Twa jou apre, Laban pran nouvèl Jakòb te pati. Mesye pran moun pa li yo avè l, li pati dèyè Jakòb. Apre sèt jou, li jwenn li sou mòn Galarad. Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l: — Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal. Se konsa, Laban jwenn Jakòb ki te moute tant li sou mòn lan. Laban te moute tant li tou sou mòn Galarad pou li menm ansanm ak moun pa l yo. Laban di Jakòb: — Kisa ou fè konsa? Ou twonpe m, ou pran pitit fi mwen yo, ou mennen yo ale tankou prizonye ou fè nan lagè. Poukisa ou twonpe m, ou leve ou pati an kachèt san ou pa avèti m? Si ou te di m sa, nou ta fè fèt, nou ta chante, nou ta bat tanbou, nou ta jwe gita anvan nou voye ou ale. Ou pa menm kite m bo pitit pitit mwen yo ak pitit fi m yo. Ou aji tankou moun fou, monchè! Mwen gen kont pouvwa anba men mwen pou mwen ta regle ou. Men yèswa, pandan lannwit lan, Bondye, papa ou, di mwen: - Piga ou di Jakòb anyen, ni anbyen, ni anmal. Mwen konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè? Jakòb reponn Laban, li di l: — Mwen te pè, paske mwen te kwè ou ta ka reprann pitit fi ou yo nan menm. Men, kanta pou ti zidòl kay ou yo, si ou jwenn yo nan men yon moun isit la, se pou moun sa a mouri. Men, mwen pran tout moun sa yo pou temwen, si ou jwenn yon bagay lakay mwen ki pou ou, pran l pote l ale. Jakòb pat konnen Rachèl te vòlè ti zidòl kay yo. Laban antre anba tant Jakòb la, li chache, l'ale anba tant Leya a, apre sa anba tant de sèvant yo, li pa jwenn anyen. Li sòti anba tant Leya a, li antre anba tant Rachèl la. Rachèl menm te pran ti zidòl kay yo, li te mete yo anba aparèy chamo a, epi li chita sou yo. Laban menm chache tout anba tant lan, li pa jwenn anyen. Rachèl di papa l konsa: — Si ou wè mwen pa ka leve kanpe devan ou, ou pa bezwen fache non. Se lalin mwen mwen genyen. Se konsa Laban fouye toupatou, li pa jwenn ti zidòl kay li yo. Lè sa a, Jakòb move sou Laban. Li pete yon kabouya ak li, li di l: — Ki krim mwen fè? Kisa m fè ki mal pou w'ap pousib mwen konsa? Ou fin fouye tout zafè m yo. Kisa ou jwenn ki pou ou? Mete l la devan moun pa ou yo ak moun pa m yo, pou yo ka di ki moun ki gen rezon! Sa fè ventan depi m avè ou. Mouton ou yo ak kabrit ou yo pa janm manke fè pitit. Mwen pa janm manje yon ti bouk nan bèt ou yo. Lè bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen. Lajounen, chalè te fini avè m. Lannwit, se te fredi, mwen pat kapab dòmi. Se konsa sa te ye pandan tout ventan mwen pase lakay ou yo. Mwen travay pandan katòzan pou de pitit fi ou yo. Apre sa, mwen fè sizan ankò ap travay pou bann bèt ou yo. Atousa, ou jwenn mwayen chanje pawòl dis fwa lè lè a rive pou ou peye m. Si Bondye papa mwen an, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a pa te kanpe avèk mwen, koulyeya ou ta voye mwen ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè. Se konsa yèswa, li rann jijman li.