Jenèz 30:1-24

Jenèz 30:1-24 HAT98

Lè Rachèl wè li pat kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: — Fè m fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou! Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: — Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit. Rachèl di li: — Bon. Men Bila, sèvant mwen an. Kouche avè l. L'a fè yon pitit pou mwen. Konsa, gremesi Bila, m'a gen pitit tou. Se konsa, Rachèl te pran sèvant li a, li bay Jakòb pou madanm. Jakòb kouche ak Bila. Bila vin ansent, li fè yon ti gason pou Jakòb. Lè sa a, Rachèl di: — Senyè a rann mwen jistis. Li tande vwa mwen. Li ban m yon gason. Se poutèt sa Rachèl te rele pitit la Dann. Apre sa, Bila, sèvant Rachèl la, vin ansent ankò, li fè yon dezyèm gason pou Jakòb. Rachèl di: — Mwen mennen yon gwo batay kont sè mwen devan Bondye. Men se mwen ki genyen. Se konsa li rele pitit la Neftali. Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou. Zilpa, sèvant Leya a, fè yon ti gason pou Jakòb. Leya di: — Ala fanm gen chans se mwen menm! Se konsa li rele pitit la Gad. Zilpa, sèvant Leya a, fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb. Leya di konsa: — Ala benediksyon mwen jwenn! Kounyeya medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni. Se konsa li rele pitit la Asè. Pandan rekòt ble a, Riben soti al nan jaden, li jwenn kèk pye ponmdamou. Li rache rasin yo pote bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa: — Tanpri, bann m' kèk rasin ponmdamou nan sa pitit ou pote pou ou yo. Leya reponn li: — Atò, ou pa fè mwen ase! Ou fin pran mari mwen, epi koulyeya, ou soti pou pran ponmdamou pitit gason mwen an tou! Rachèl di li: — Enben, Jakòb va kouche avèk ou aswè a pou ponmdamou pitit gason ou lan. Nan aswè, lè Jakòb ap parèt sot nan jaden, Leya soti al kontre li, li di li: — Se pou vin kouche ak mwen aswè a wi, paske mwen bay ponmdamou pitit gason mwen an pou sa. Se konsa, jou swa sa a, Jakòb kouche ak Leya vre. Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb. Leya di: — Bondye ban m sa m merite a, paske mwen te bay mari m sèvant mwen an pou madanm. Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka. Leya vin ansent ankò, li fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb. Leya di: — Bondye fè m yon bèl kado. Fwa sa a, mari m pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li. Se konsa li rele pitit la Zabilon. Apre sa, li fè yon pitit fi. Li rele l Dina. Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l ka fè pitit. Se konsa Rachèl vin ansent, li fè yon pitit gason. Li di: — Bondye fè yo sispann pase m nan rizib. Epi Rachèl rele pitit gason an Jozèf, paske li te di: — Se pou Senyè a ba m yon lòt gason ankò.