Nonm lan ak madanm li tande vwa Senyè Bondye nan jaden an pandan labriz diswa. Y'al kache nan mitan pyebwa nan jaden an pou Senyè Bondye pou wè yo. Men, Senyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l: — Kote ou ye? Nonm lan reponn li: — Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M'al kache pou ou, paske mwen toutouni. Senyè a, Bondye a, di l: — Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a? Adan reponn: — Madanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi a manje, mwen manje li. Senyè a, Bondye a, mande famn lan: — Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li: — Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m manje l.
Li Jenèz 3
Koute Jenèz 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 3:8-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo