Sèpan se te bèt ki te pi rize nan tout bèt Senyè Bondye te fè. Li di fanm lan konsa: — Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an? Fanm lan reponn sèpan an: — Nou gendwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta fwi pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di: Piga nou manje ladan li, ata manyen piga nou manyen li. San sa, n'ap mouri kanmenm. Lè sa a, sèpan an di fanm lan: — Se pa vre. Nou p'ap mouri kras.
Li Jenèz 3
Koute Jenèz 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 3:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo