Jenèz 3:1-15

Jenèz 3:1-15 HAT98

Sèpan se te bèt ki te pi rize nan tout bèt Senyè Bondye te fè. Li di fanm lan konsa: — Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an? Fanm lan reponn sèpan an: — Nou gendwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta fwi pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di: Piga nou manje ladan li, ata manyen piga nou manyen li. San sa, n'ap mouri kanmenm. Lè sa a, sèpan an di fanm lan: — Se pa vre. Nou p'ap mouri kras. Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l, je nou va louvri. N'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal. Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l pou je l ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l ki manje tou. Manje yo fin manje, je yo louvri. Yo wè yo toutouni. Yo pran fèy fè rad mete sou yo. Nonm lan ak madanm li tande vwa Senyè Bondye nan jaden an pandan labriz diswa. Y'al kache nan mitan pyebwa nan jaden an pou Senyè Bondye pou wè yo. Men, Senyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l: — Kote ou ye? Nonm lan reponn li: — Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M'al kache pou ou, paske mwen toutouni. Senyè a, Bondye a, di l: — Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a? Adan reponn: — Madanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi a manje, mwen manje li. Senyè a, Bondye a, mande famn lan: — Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li: — Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m manje l. Senyè a, Bondye a, di sèpan an konsa: — Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri. Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l nan talon pye l.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an