Jenèz 29:16-35

Jenèz 29:16-35 HAT98

Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl. Leya te gen je pichpich, men Rachèl te gen bèl fòm kò, li te bèl anpil. Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: — M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la. Laban di l: — Pito se ou menm mwen bay li pase m bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen. Se konsa Jakòb pase setan ap travay kay Laban pou l te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a. Lè lè a rive, Jakòb di Laban: — Bon. Li lè atò pou ou ban m pitit fi ou la pou m ka marye avè l. Se konsa Laban fè yon gwo resèpsyon nòs, li envite tout moun nan kanton an. Men aswè, li te pran Leya, pitit fi li a, li mennen l bay Jakòb ki kouche avè l. Laban te pran Zilpa, yonn nan sèvant li yo, li bay Leya pou sèvant pa li. Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban: — Kisa ou fè m konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m koutba sa a? Laban di l: — Se pa koutim nou isit pou n marye ti sè anvan gran sè. Tann senmenn lan fin pase. Lè sa a, n'a fin fete nòs la. Apre sa, m'a ba ou Rachèl, si ou dakò pou sèvi avè m pandan sèt lòt lanne ankò. Jakòb tonbe dakò. Lè senmenn fèt la fin pase, Laban pran lòt pitit fi l la, Rachèl, li bay Jakòb li pou madanm tou. Laban pran Bila, yonn nan sèvant li yo, li bay Rachèl li pou sèvant li. Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò. Lè Senyè a wè jan Jakòb pat renmen Leya, li fè l fè pitit. Men, Rachèl pat kapab fè pitit. Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: — Senyè a wè jan m'ap soufri. Kounyeya, mari m va renmen m. Se konsa li rele l Riben. Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: — Senyè a ban m yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m pa renmen m menm. Se konsa li rele l Simeyon. Li vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di: — Fwa sa a, mari m pral rete avè m nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li. Se konsa li rele l Levi. Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: — Fwa sa a, m'ap fè lwanj Senyè a. Se konsa li rele l Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an