Izarak di: — Pwoche non. Vini mwen manyen ou, pitit mwen, pou m wè si wi ou non ou se Ezayi, pitit mwen an. Jakòb pwoche bò kote Izarak, papa l, ki manyen l. Epi Izarak di: — Vwa a se vwa Jakòb, men bra a se bra Ezayi. Li pat rekonèt Jakòb, paske bra li te plen pwal tankou bra Ezayi, frè li a. Izarak beni l. Li di l: — Se vre, se Ezayi, pitit mwen, ou ye? Jakòb reponn li: — Se mwen wi. Izarak di l: — Sèvi m non. M'a manje vyann ou pote a. Apre sa, m'a beni ou. Jakòb sèvi l manje a, li manje. Lèfini, Jakòb ba li diven, li bwè. Izarak, papa l, di l: — Pwoche non, pitit mwen. Vin bo m. Jakòb pwoche, li bo papa l. Papa a pran sant rad ki te sou li a, epi li ba li benediksyon l. Li di l: — Sant kò pitit mwen an tankou sant yon tè jaden Senyè a beni. Se pou Bondye ba ou lawouze ki sòti nan syèl la. Se pou l fè jaden ou donnen anpil. Se pou l ba ou bèl rekòt ble ak rezen. Se pou kantite pèp soumèt devan ou. Se pou kantite nasyon bese tèt devan ou. Se ou menm ki pou mèt frè ou yo. Se pou pitit pitit manman ou yo bese tèt devan ou. Se pou tout moun ki ba ou madichon jwenn madichon. Se pou tout moun ki beni ou jwenn benediksyon.
Li Jenèz 27
Koute Jenèz 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 27:21-29
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo