Jenèz 25:1-18

Jenèz 25:1-18 HAT98

Abraram te pran yon lòt fanm yo te rele Ketoura. Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo. Men pitit Madyan yo: Se te Efa, Efe, Enòk, Abida ak Elda. Se tout moun sa yo ki te pitit ak pitit pitit Ketoura. Abraram kite tout byen l yo pou Izarak. Men anvan l mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a. Abraram te viv sanswasannkenzan (175 an). Abraram te fin vye granmoun nèt nèt. Li te pase vye jou li yo san pwoblèm. Apre sa, li mouri mouri li al jwenn moun li yo. Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, antere l nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre. Se jaden sa a Abraram te achte nan men mesye Et yo. Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Apre Abraram mouri, Bondye te beni Izarak, pitit gason l lan, ki te rete toupre Pi moun-vivan-ki-wè m lan. Men pitit pitit Izmayèl, pitit Abraram lan. Se Aga, moun peyi Lejip, sèvant Sara, ki te fè pitit sa a pou Abraram. Men non pitit Izmayèl yo. N'ap konmanse ak pi gran an pou rive sou pi piti a. Nebajòt te premye pitit Izmayèl. Apre li vini Keda, Adbeyèl, Mibsam, Michma, Douma, Masa, Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma. Se yo ki te pitit Izmayèl. Se konsa yo te rele yo ansanm ak tout katye kote yo te rete ak kote yo te moute tant yo. Sa te fè douz chèf, chak ak nasyon pa yo. Izmayèl te gen santrannsetan (137 an) lè l mouri. Y'al antere l menm kote ak moun li yo ki te mouri dejà. Pitit pitit Izmayèl yo te rete sou teritwa ki konmanse depi Avila rive jouk Chou, anfas peyi Lejip sou bò solèy leve a, anvan ou pran peyi Lasiri. Yo t'ap viv pou kont yo. Yo pat mele ak rès fanmi yo.