Jenèz 21:1-21

Jenèz 21:1-21 HAT98

Senyè a fè Sara favè, jan l te di l la. Li fè sa l te pwomèt li a rive vre. Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l la. Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak. Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l, jan Bondye te ba li lòd la. Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt. Sara di konsa: — Adye o, gade Bondye ap fè mwen ri tèt mwen! Tout moun ki tande sa tou, yo pral pase mwen nan rizib. Apre sa, li di ankò: — Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li. Ti gason an grandi, li sevre. Jou yo sevre l la, Abraram fè yon gwo fèt. Yon jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t'ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. Sara wè sa. Li di Abraram konsa: — Mete sèvant la dèyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gendwa eritye ak Izarak, pitit mwen an. Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil paske Izmayèl se pitit li tou. Men, Bondye di Abraram konsa: — Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tou sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo. M'ap bay pitit sèvant lan anpil pitit pitit. M'ap fè l tounen yon nasyon, paske se pitit ou li ye tou. Nan denmen, Abraram leve bonè. Li pran pen. Li plen yon galon dlo bay Aga. Li ede li chaje. Li ba li pitit la, epi li fè li pati kite kay la. Aga pati. Li mache li mache jouk li pèdi nan dezè Bècheba. Lè dlo a fini, li kite pitit la anba yon touf bwa. L ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l: — Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa. Pandan li chita konsa, pitit la pran rele. Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l konsa: — Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la. Leve non, pran ti pitit la, kenbe l. M'ap fè pitit pitit li yo tounen yon gwo nasyon. Bondye louvri je Aga. Aga wè yon pi. L ale, li plen sak an po a dlo. Li bay ti pitit la bwè dlo kont kò l. Bondye te avèk ti pitit la. Li grandi, li rete nan dezè a. Li te rive konn tire flèch nan banza ak anpil ladrès. Se nan dezè Paran li te rete. Manman l te chwazi yon madanm pou li nan jenn fi peyi Lejip yo.