Senyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a. Senyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa: yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Yon gwo larivyè sòti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch. Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a. Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks. Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la. Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat. Senyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l nan jaden Edenn lan pou l travay li, pou l pran swen l. Senyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a: — Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men piga ou manje donn pyebwa ki bay konesans sa ki byen ak sa ki mal la. Paske jou ou manje li, w'ap mouri kanmenm.
Li Jenèz 2
Koute Jenèz 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 2:8-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo