Senyè a, Bondye a, di ankò: — Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l. Se konsa, Senyè Bondye pran tè. Li fè tout kalite zannimo ak tout kalite zwazo ki genyen. Lèfini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li ta pral ba yo dekwa pou non an ka rete pou yo nèt. Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pat gen yonn ki te sanble avè l, ki ta ka ede l. Lè sa a, Senyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Mesye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen. Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l ba li. Lè nonm lan wè l, li di: — Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m! Zo l se zo mwen. Chè l se chè mwen. Y'a rele l fanm, paske se nan gason li sòti.
Li Jenèz 2
Koute Jenèz 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 2:18-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo