Bondye di Abraram: — Men ou menm ansanm ak tout ras ou, de pitit an pitit, se pou nou dakò pou nou kenbe kontra a avèk mwen. Men egzijans mwen fè nou, ou menm ansanm ak tout pitit ou yo: Se pou nou sikonsi tout gason nan mitan nou. Depi kounyeya, se pou nou sikonsi tout gason. Se pou sa sèvi yon siy pou moutre gen yon kontra ki pase ant nou menm avè m. Se pou nou sikonsi tout gason wit jou apre yo fèt, li te mèt pitit moun lakay la, osinon pitit moun lòt nasyon ou pran pou travay lakay ou. Wi, se pou sikonsi yo tout: kit yo fèt nan peyi a, kit yo fèt aletranje. Se va yon mak letanp sou kò nou pou fè wè kontra mwen pase ak nou an. Se va yon kontra ki la pou tout tan. Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pat kenbe kontra mwen fè ak nou an.
Li Jenèz 17
Koute Jenèz 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 17:9-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo