Apre sa, Bondye di Abraram: — Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l Sara. M'ap beni madanm ou, m'ap fè l ba ou yon pitit gason. M'ap beni l, m'ap fè l tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa. Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l chonje jan l fin granmoun. Li t'ap di nan kè l: Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent?
Li Jenèz 17
Koute Jenèz 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 17:15-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo