Sarayi, madanm Abram, pat janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga. Sarayi di Abram konsa: — Gade! Senyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l la. Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gentan gen dizan nan peyi Kanaran an. Abram kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò. Lè sa a, Sarayi di Abram: — Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m pou anyen ankò. Se Senyè a ki pou jije m avè ou. Abram reponn Sarayi, li di l: — Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gendwa fè sa ou vle avè l. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li.
Li Jenèz 16
Koute Jenèz 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 16:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo