Jenèz 15:6-19

Jenèz 15:6-19 HAT98

Abram mete konfyans li nan Senyè a, se konsa Senyè a fè l gras. Senyè a di: — Se mwen menm, Senyè a, ki te fè ou sòti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m te ka ba ou peyi sa a pou ou. Abram di: — Senyè, Bondye, kijan pou m fè konnen peyi sa a pou mwen vre? Senyè a di l: — Pran yon ti gazèl bèf twazan, yon fenmèl kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon. Abram al pran tout bèt sa yo, li koupe yo mitan pou mitan, li mete moso yo yonn anfas lòt. Men, li pa koupe zwazo yo an de. Chak fwa malfini karanklou vin pou desann sou vyann bèt yo, Abram pouse yo ale. Solèy ta pral kouche lè dòmi vòlè Abram. Li dòmi nèt ale. Epi yon sèl laperèz pran l nan dòmi an. Kote l te ye a vin fè tou nwa. Senyè a di l: — Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (400 an). Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a sòti avèk anpil anpil richès. Kanta ou menm, ou pral mouri ak kè poze, ou pral jwenn zansèt ou yo ki mouri dejà. Wi, anvan ou antre anba tè, w'a viv lontan san okenn pwoblèm. Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo. Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tou limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo. Se jou sa a Senyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l konsa: — M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la. Sa vle di tout peyi kote moun Kini yo, moun Kenizi yo, moun Kadmon yo