Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Senyè a ki t'ap pale avè l. Senyè a di l konsa: — Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M sere yon gwo gwo rekonpans pou ou. Abram di: — Senyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tou fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m, se Elyezè, moun peyi Damas la. Abram di ankò: — Gade! Ou pa ban m pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m. Lè sa a, li tande Senyè a ki di l konsa: — Non, se pa li menm ki pral eritye ou. Se pwòp pitit zantray ou ki pral eritye ou. Senyè a fè Abram sòti deyò, li di l konsa: — Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di: — Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la. Abram mete konfyans li nan Senyè a, se konsa Senyè a fè l gras.
Li Jenèz 15
Koute Jenèz 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 15:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo