Lèfini, wa Sodòm lan di Abram: — Ou mèt gade tout byen yo pou ou. Men ban mwen moun yo sèlman. Abram reponn wa Sodòm lan, li di l: — Mwen fè sèman devan Senyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, mwen p'ap pran anyen nan sa ki pou ou, li te mèt yon ti moso fil, yon kòd sapat. Konsa, ou p'ap janm ka di se ou menm ki fè Abram rich. Mwen pa bezwen anyen pou tèt pa m. Men, m'ap asepte sa moun mwen yo te manje, ansanm ak pòsyon ki pou moun ki te mache avè m yo. Wi, se pou Ane, Echkòl ak Manmre pran sa ki vin pou yo a.
Li Jenèz 14
Koute Jenèz 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 14:21-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo