Men, grangou tonbe sou peyi a, pat gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan. Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li:
— Koute non. Ou se yon bèl fanm. Lè gason nan peyi Lejip yo va wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m pou yo sa pran ou nan men m. Tanpri, di yo se sè mwen ou ye pou yo pa touye m, pou yo ka aji byen avè m poutèt ou.
Se konsa, rive Abram rive nan peyi Lejip, mesye yo gentan wè jan Sarayi te yon bèl fanm. Kèk gwochabrak gouvènman wè sa tou, y'al fè lwanj li bay Farawon an jan fanm lan bèl. Epi yo pran Sarayi mennen nan palè a. Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l.
Men, paske farawon an te pran Sarayi, madanm Abram, pou madanm li, Senyè a voye yon bann move maladi sou li ak sou moun ki te nan palè a. Lè sa a, farawon an fè rele Abram, li di li:
— Kisa ou fè m konsa? Poukisa ou pat di m se madanm ou Sarayi ye? Poukisa ou te di m se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l, al fè wout ou.
Farawon an pase moun li yo lòd pou fè Abram pati kite peyi a, li menm ansanm ak madanm li avèk tou sa ki te pou li.