Jenèz 12:1-20

Jenèz 12:1-20 HAT98

Senyè a di Abram konsa: — Pati, kite peyi ou. Kite fanmi ou. Kite papa ou. Ale nan peyi m'a moutre ou la. M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. M'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou. W'a sèvi yon benediksyon pou tout moun. M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon. Abram pati jan Senyè a te di l la. Lòt pati ansanm avè l tou. Abram te gen swasannkenzan lè li kite Karan. Abram pran Sarayi, madanm li, Lòt, pitit frè li a, ansanm ak tout byen li te genyen ak tout domestik li te gen avè l nan lavil Karan, yo tout yo pati pou Kanaran. Yo rive nan peyi a. Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a. Abram fè yon vizyon, li wè Senyè a ki di l: — Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Senyè a ki te parèt devan li nan vizyon an. Apre sa, li pati ankò, l'ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Senyè a la tou, epi li fè sèvis pou li. Li vwayaje toujou, li desann nan direksyon sid, bout pou bout jouk li rive nan rejyon Negèv la. Men, grangou tonbe sou peyi a, pat gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan. Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li: — Koute non. Ou se yon bèl fanm. Lè gason nan peyi Lejip yo va wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m pou yo sa pran ou nan men m. Tanpri, di yo se sè mwen ou ye pou yo pa touye m, pou yo ka aji byen avè m poutèt ou. Se konsa, rive Abram rive nan peyi Lejip, mesye yo gentan wè jan Sarayi te yon bèl fanm. Kèk gwochabrak gouvènman wè sa tou, y'al fè lwanj li bay Farawon an jan fanm lan bèl. Epi yo pran Sarayi mennen nan palè a. Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l. Men, paske farawon an te pran Sarayi, madanm Abram, pou madanm li, Senyè a voye yon bann move maladi sou li ak sou moun ki te nan palè a. Lè sa a, farawon an fè rele Abram, li di li: — Kisa ou fè m konsa? Poukisa ou pat di m se madanm ou Sarayi ye? Poukisa ou te di m se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l, al fè wout ou. Farawon an pase moun li yo lòd pou fè Abram pati kite peyi a, li menm ansanm ak madanm li avèk tou sa ki te pou li.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jenèz 12:1-20

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an