Jenèz 1:20-31

Jenèz 1:20-31 HAT98

Bondye di ankò: Se pou dlo a kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo yo vole nan syèl la anlè tè a. Bondye kreye gwo bèt nan lanmè yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa li fè a, li wè li bon. Bondye beni yo, li di yo: Fè pitit, fè anpil anpil pitit plen lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tou peple tè a. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te senkyèm jou a. Bondye di ankò: Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase. Bondye fè tout kalite bèt: bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki mache sou vant. Li gade sa li fè a, li wè li bon. Bondye di ankò: Annou fè moun. N'ap fè li pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. L'a gen pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl, sou tout bèt yo gade sou tout tè a, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki mache sou vant sou latè. Bondye kreye moun: li fè l pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo, li di: Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou latè. Donte tè a. Mwen ba ou pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou vant sou latè. Bondye di: Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje. Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase. Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te sizyèm jou a.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jenèz 1:20-31