Galat 5

5
Ann kenbe libète nou
1Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la #Gal 4.5,31; Tra 15.10 te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n pa tounen esklav ankò.
2Tande #2 Kor 10.1 byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen. 3M'ap repete sa m te di deja pou tout moun ki kite yo sikonsi yo: si yo fè sa, y'ap blije fè tou sa lalwa Moyiz la mande. 4Moun ki kwè Bondye ap fè yo gras paske yo fè sa lalwa a mande, yo vire do bay Kris la. Yo pèdi favè Bondye a. 5Pou nou menm, nou gen espwa Bondye va fè nou gras paske nou gen konfyans nan li. Se sa menm n'ap tann, gremesi pouvwa Lespri Bondye a k'ap travay nan nou. 6Paske, #Gal 6.15; 1 Kor 7.19 lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.
7Nou te konmanse byen pwòp. Ki moun ki rete nou sou kous nou, k'ap anpeche nou obeyi verite a? 8Bagay #Gal 1.6 yo te di pou yo te ka pran tèt nou, se pa bagay ki sòti nan Bondye k'ap rele nou an. 9Pa #1 Kor 5.6 bliye pawòl la: Se ti kal ledven ki fè tout pat la leve. 10Men, #Gal 1.7; 2 Kor 11.15 Senyè a fè m gen konfyans nan nou, li ban m lasirans nou p'ap fè lòt lide, n'ap dakò avè mwen. Men, kanta moun k'ap boulvèse nou an, li te mèt sa l te ye, Bondye gen pou pini li.
11Pou #1 Kor 1.23 mwen menm, frè m yo, si m t'ap mande pou moun sikonsi toujou, poukisa y'ap pèsekite m jouk kounyeya? Epitou, nan ka sa a, mesay m'ap bay lè m'ap anonse Kris la ki mouri sou kwa a pa ta bay pèsonn okazyon bite. 12Kanta #Sòm 12.3 moun k'ap boulvèse nou konsa sou kèsyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo, fin ak sa.
13Kanta #1 Pyè 2.16 nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt. 14Paske #Lev 19.18 tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou. 15Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovay, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!
Kite Lespri Bondye dirije lavi nou
16Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. 17Kò a #Wòm 7.15,23; Jak 4.5; 1 Pyè 2.11 gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle. 18Men, #Wòm 8.14 si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
19Se #1 Kor 6.9,10 fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. 20Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. 21Yonn #Ef 5.5; Rev 22.15 anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
22Men, #Ef 5.9 Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. 23Li #1 Tim 1.9 fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo. 24Moun #Wòm 6.6; Kol 3.5; 1 Pyè 2.11 ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo. 25Se #Wòm 8.4 Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n kite li dirije lavi nou nan tout bagay. 26Pa #Fil 2.3 kite lògèy moute nou nan tèt. Piga yonn chache lòt kont. Piga yonn rayi sò lòt.

Chwazi Kounye ya:

Galat 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an