Galat 3:15-29

Galat 3:15-29 HAT98

Frè m yo, mwen pral pran egzanp sou yon bagay ki rive chak jou: Lè yon moun fè testaman l byen fèt, pèsonn pa ka kase l, ni pèsonn pa ka ajoute anyen ladan li. Enben, Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pat ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la. Men sa mwen vle di: Bondye te fè testaman sa a, epi li te pwomèt li t'ap kenbe li. Lalwa a menm te vini katsantrant (430) an apre sa. Se sa k fè, lalwa a pa kapab kase testaman sa a, ni li pa kapab fè pwomès la tonbe. Paske, si kado Bondye bay la te chita sou lalwa Moyiz la, se pa ta yon pwomès ankò kado a ta ye. Men, Bondye te bay Abraram favè sa a paske li te pwomèt li sa. Poukisa yo te bay lalwa a menm? Yo te ajoute lalwa a pou l te ka fè nou konnen bagay ki kont volonte Bondye. Lalwa a te fèt pou l te la toutotan pitit pitit Abraram lan pat ankò vini, paske se pou li Bondye te fè pwomès la. Se zanj Bondye yo ki te bay lalwa, epi se yon nonm ki te sèvi entèmedyè. Lè yon moun pou kont li, li pa bezwen entèmedyè. Bondye pou kont li. Eske lalwa Moyiz la kont pwomès Bondye yo? Men non. Si zanj yo te bay yon lalwa ki te kapab bay moun lavi, enben, lalwa sa a ta kapab fè Bondye fè moun gras. Men, Liv la di: Tout bagay anba pouvwa peche a. Konsa, moun ki gen lafwa, se yo ki va resevwa kado Bondye te pwomèt yo, paske yo te mete konfyans yo nan Jezikri. Anvan lè a te rive pou n te ka gen konfyans, lalwa te kenbe nou prizonye anba men l, jouk tan pou Bondye te devwale kalite konfyans sa a. Konsa, lalwa te reskonsab nou pou tann Kris vini dekwa lè nou mete lafwa nan Kris pou Bondye ka grasye nou. Deske tan lafwa a vini koulyeya, nou pa soukont lalwa ankò. Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye. Nou tout, nou te resevwa batèm pou n te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo. Kounyeya pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri. Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.