Esdras 9:5-15

Esdras 9:5-15 HAT98

Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m devan Senyè a, Bondye mwen an. Mwen di li: — O Bondye papa mwen! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou mwen fè! M'pa ka leve tèt devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil sou pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou antipile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la. Soti nan tan zansèt nou yo rive jodi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou fè ki mal kifè ou lage nou ansanm ak tout wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè. Yo depòte nou. Yo piye tout lajan nou. Yo fè nou wont jan nou ye jouk koulyeya. Men kounyeya, depi kèk jou, Senyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouray ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf. Paske se esklav nou ye jouk jòdi a. Men menm nan esklavaj sa a, Bondye pa lage nou. Li fè wa peyi Pès yo aji byen ak nou. Yo ban nou yon ti souf, pou nou te ka rebati Tanp Bondye nou an ki te fin kraze nèt. Yo ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan peyi Jida ak lavil Jerizalem. Kounyeya menm, Bondye, kisa pou nou di ou? Menm apre tou sa ou deja fè pou nou, nou dezobeyi tout kòmandman ou te ban nou pou nou swiv, lè pwofèt yo, sèvitè ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pèdi favè Bondye, paske moun k'ap viv ladan l yo ap fè yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l. Enben! Piga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason yo, ni piga nou chwazi pitit fi yo pou pitit gason nou yo. Nou pa bezwen chache konnen si zafè yo ap mache, si yo gen kè kontan. Se sèl jan nou menm nou ka vin fò, nou ka manje tout bon bagay ki donnen nan peyi a, nou ka kite tè sa a pou pitit nou yo pou tout tan. Apre tou sa ki te rive nou, yon jan pou ou te pini nou pou move zak ak tout bagay mal nou te fè yo, nou wè, O Bondye nou, ou pat pini nou jan nou te merite l la. Ou te kite yon ti rès nan nou ap viv toujou, nou menm ki la kounyeya. Epi pou kounyeya ankò pou nou pa swiv kòmandman ou yo, pou n'al marye avèk kalite move moun sa yo? Fwa sa a, p'ap gen anyen ki pou anpeche ou fache sou nou jouk pou ou detwi nou nèt, san ou pa kite pèsonn chape! Senyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, se paske ou bon anpil pou nou kifè gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jòdi a. Epi, gade kounyeya, men nou kanpe devan ou avèk tout peche nou yo! Wi, nou pa gendwa rete vivan devan ou ankò poutèt sa!