Esdras 5

5
Travay Tanp lan reprann
1Lè sa a, de pwofèt, Aje ak Zakari, pitit #Aje 1.1; Zak 1.1 gason Ido a, tanmen bay mesay ki sòti nan Bondye pèp Izrayèl la, pou jwif ki rete nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo. 2#Esd 3.2; 6.14 Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesay yo, lamenm yo konmanse rebati Tanp Bondye a lavil Jerizalèm. De pwofèt yo menm te kanpe la avèk moun yo, ap ankouraje yo.
3#Esd 4.12; 6.6,13 sa a, Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt anplwaye gouvènman parèy yo, moute lavil Jerizalèm, yo mande jwif yo:
— Ki moun ki ban nou otorizasyon rebati Tanp sa a pou nou mete lotèl ladan l?
4Apre sa, yo mande yo ankò:
— Eske nou ka ban nou non tout moun k'ap travay sou chantye sa a?
5Men #Sòm 33.18 Bondye t'ap veye chèf fanmi jwif yo pou anyen pat rive yo. Se konsa, chèf gouvènman yo pat rete travay la. Men, yo voye yon rapò bay wa Dariyis, epi yo tann repons li anvan yo pran okenn desizyon sou zafè sa a.
6Men #Esd 4.9 kopi rapò Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak kòlèg li yo ansanm ak tout otorite pwovens la te voye bay wa Dariyis. 7Men sa yo te voye di l nan rapò a:
— Nou voye bonjou pou Wa Dariyis! Kè poze pou ou nan tou sa w'ap fè! 8Se devwa nou pou nou fè wa a konnen nou te ale nan pwovens Jida a, nou jwenn y'ap rebati Tanp Bondye ki gen pouvwa a, avèk gwo blòk wòch, y'ap koupe gwo poto bwa pou mete nan mi yo. Moun yo pran san yo pou yo fè bon travay, travay la ap mache byen. 9Nou #Esd 4.12 pale ak chèf fanmi yo, nou mande yo ki moun ki te ba yo otorizasyon bati Tanp lan, ak otorizasyon mete lotèl ladan l. 10Nou te mande yo tou pou yo ban nou non yo pou n te ka fè ou konnen ki chèf ki te alatèt moun sa yo. 11Men #1 Wa 6.1,38 sa yo reponn nou: Yo menm, se sèvitè Bondye ki kreye syèl la ak latè a yo ye. Y'ap rebati yon Tanp yon gran wa peyi Izrayèl la te bati nan tan lontan kite pou yo. 12Men, #2 Wa 25.8-11; 2 Kwo 36.16,17 zansèt yo te fè Bondye nan syèl la fache ak yo, kifè Bondye lage yo nan men Nebikadneza, moun peyi Kalde, ki te wa peyi Babilòn. Wa sa a te fè detwi Tanp lan, epi li fè depòte tout pèp la lavil Babilòn. 13Kounyeya, yo #Esd 1.1 pretann di Siris, wa Babilòn lan, pat ankò fin gen ennan depi li t'ap gouvènen lè li ba yo otorizasyon pou yo rebati Tanp Bondye a. 14Yo #Esd 1.7,8; 6.5 di ankò: Nebikadneza te pran tout veso an lò ak an ajan ki te nan Tanp Bondye a lavil Jerizalèm, li te fè pote yo lavil Babilòn mete nan tanp lavil sa a. Men, wa Siri a fè wete tout veso sa yo nan tanp Babilòn lan, li renmèt yo bay yon nonm yo te rele Chechbaza. Se nonm sa a li te mete chèf nan pwovens Jida a. 15Wa a te di l: Pran veso sa yo, al pote yo tounen nan Tanp ki lavil Jerizalèm lan, epi rebati Tanp Bondye a sou menm anplasman kote l te ye a. 16Se #Esd 3.8,10; 5.2; 6.15; Zak 4.9 konsa, Chechbaza sa a vini, li moute fondasyon Tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, travay la ap mache, men yo pa kò fini. 17Kounyeya menm, si wa a ta vle, li ta ka mande yo chache nan achiv wa yo lavil Babilòn, pou wè si tout bon vre, wa Siris te ba yo otorizasyon rebati Tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Apre sa, y'a fè nou konnen desizyon wa a sou zafè sa a.

Chwazi Kounye ya:

Esdras 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte