Lènmi moun Jida yo ak lènmi moun Benjamen yo vin konnen moun ki te tounen sòti nan kote yo te depòte yo a t'ap rebati yon kay pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: — Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati Tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li. Zowobabèl, Jozye ak tout lòt chèf fanmi yo reponn yo: — Non mèsi! Nou pa bezwen konkou pesonn pou nou bati yon Tanp pou Senyè Bondye nou an. N'a bati li, nou menm, poukont nou, ak pwòp men nou, jan Siris, lanperè peyi Lapès, te ban nou lòd fè a. Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a sòti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an. Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anbachal pou enpoze travay la mache. Se konsa pandan tout tan lanperè Siris t'ap gouvènen an, jouk sou reny lanperè Dariyis, yo t'ap kontraye travay moun yo san rete.
Li Esdras 4
Koute Esdras 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Esdras 4:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo