Esdras 3

3
Yo rebati lotèl Senyè a
1Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, #Ney 7.73; 8.1 moun pèp Izrayèl yo te gentan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm. 2Jozye, #Det 12.5,6; 33.1; 1 Kwo 3.17-19; Ney 12.1,7; Aje 1.1; Mat 1.12; Lik 3.27 pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. 3Atout #Egz 29.38,39; Nonb 28.3,4 yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Senyè a, chak maten ak chak aswè. 4Yo #Lev 23.34; Ney 8.14-17; Zak 14.16 fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a. 5Apre #Nonb 28.11-15; 29.39 sa, yo ofri bèt pou yo boule chak jou a, bèt pou yo boule chak fèt lalin nouvèl yo, ak bèt pou tout lòt jou y'ap fè fèt pou Senyè a, ansanm ak tout lòt ofrann moun yo vle fè pou Senyè a san se pa li ki mande yo fè l. 6Pèp la pat ankò mete men nan Tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Senyè a.
Rebatisman Tanp lan
7Pèp #1 Wa 5.6,9; 2 Kwo 2.10,16; Esd 1.3,4; 6.3 la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te sòti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo. 8Te #1 Kwo 23.4,24; Esd 2.2 gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman Tanp Senyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan Tanp Senyè a. 9Se #Esd 2.40; Ney 10.9 konsa Jozye, pitit gason l yo ak lòt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyèl ak pitit gason l yo, moun fanmi Jida, mete tèt yo ansanm, yo pran reskonsabilite travay ki t'ap fèt nan Tanp Bondye a. #3.9: Gen kèk maniskri ki ajoute isit la: Ansanm ak moun branch fanmi Enada yo, pitit yo ak lòt fanmi yo ki moun Levi tou.
10#1 Kwo 6.31; 16.4-6; 25.1,2 bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon Tanp Senyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Senyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan. 11Yo #1 Kwo 16.34,41; Ney 12.24; Sòm 100.5 t'ap fè lwanj Senyè a, yo t'ap di li mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt:
Ala bon Senyè a bon!
Non, li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la.
Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Senyè a paske yo t'ap mete men nan fondasyon Tanp Senyè a. 12Te #Aje 2.3 gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen Tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon Tanp lan ap moute ankò devan je yo, genyen ki te dlo nan je. Men anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan. 13Men, pèsonn pat ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.

Chwazi Kounye ya:

Esdras 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte