Esdras 1

1
Siris bay jwif yo lòd tounen nan peyi yo
(2 Kwonik 36.22-23)
1Lè sa a, lanperè Siris pa t' ankò gen ennan depi #2 Kwo 36.22,23 li t'ap #Esd 5.13; Jer 25.12,13; 29.10 gouvènen peyi Lapès lè Senyè a mete lide nan tèt misye pou li ekri lòd, epi voye li nan tout peyi a pou yo ka li lòd la pou tout moun tande. Sa te pase konsa, pou pawòl Senyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi te ka rive. Men lòd la:
2— Mwen #Eza 44.28; 45.1,13 menm Siris, laperè peyi Lapès, men lòd mwen pase: Senyè Bondye nan syèl la mete m' chèf sou tout peyi sou latè. Li ban m' reskonsablite pou mwen bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida. 3Nou #Da 6.26 mande pou Bondye pèp Izrayèl la beni tout moun ki fè pati pèp sa a pou yo moute lavil Jerizalèm, nan peyi Jida, pou yo rebati Tanp Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye yo adore lavil Jerizalèm lan. 4Toupatou nan peyi a, moun k'ap viv menm kote ak ti rès ki rete nan pèp Izrayèl la va ba yo konkou pou yo ka tounen nan peyi pa yo. Y'a ba yo ajan ak lò, pwovizyon ak bèt ansanm ak tout lòt bagay yo vle ba yo pou yo ofri nan Tanp Bondye a ki nan lavil Jerizalèm lan.
5#Fil 2.13 sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Senyè a, yo leve pou y'al rebati kay Senyè a nan lavil Jerizalèm. 6Tout #Egz 12.35,36 vwazen te ba yo tout kalite konkou, bagay fèt ak lajan, ak lò, pwovizyon, bèt ak anpil lòt bagay ki gen anpil valè, san konte tout kalite bagay yo te vle bay pou ofri nan Tanp lan.
7Nan #2 Wa 24.13; 2 Kwo 36.7; Esd 5.14; 6.5 tan lontan, wa Nebikadnetza te pran tout bòl ak tout bagay ki t'ap sèvi nan Tanp Senyè a, lavil Jerizalèm. Li mete yo nan tanp bondye pa li a. Lanperè Siris fè chache tout bagay sa yo. 8Li #Esd 5.14 fè Mitridat ki te reskonsab tout richès peyi a mete yo deyò pou l te kontwole yo bay Chechbaza, gouvènè peyi Jida a. 9Men sa yo te jwenn:
Trant gwo bòl fèt ak lò pou mete ofrann
il gwo bòl fèt ak lajan pou mete ofrann
ventnèf gwo kouto
10trant ti bòl fèt ak lò
katsandis ti bòl fèt ak lajan
mil lòt kalite vesèl.
11Sa te fè antou senkmilkatsan (5400) divès kalite vesèl lò ak lajan. Se tout bagay sa yo Chèchbaza te pran ak li lè li t'ap kite Babilòn.

Chwazi Kounye ya:

Esdras 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte