Ezekyèl 36:22-31

Ezekyèl 36:22-31 HAT98

Se poutèt sa, w'a di moun pèp Izrayèl yo: Men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Sa m pral fè a, se pa pou tèt nou m'ap fè l, tande. Se poutèt non mwen ki yon non apa, non nou te trennen nan labou nan tout peyi kote nou pase yo. Menm jan nou te trennen non m nan labou nan mitan lòt nasyon yo, konsa m pral sèvi ak nou pou fè lòt nasyon yo wè jan m gen pouvwa, jan m se yon Bondye ki apa. Lè sa a, nasyon yo va konnen se mwen menm ki Senyè a. M'ap wete nou nan mitan nasyon yo, m'ap sanble nou sòti nan tout peyi yo, m'ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an. M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m, m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo. M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou. M'ap mete Lespri m nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo. Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye. M'ap delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò. M'ap fè pye fwi nou yo ak jaden nou yo donnen an kantite. Konsa, nou p'ap nan grangou, nou p'ap wont ankò devan lòt nasyon yo. Lè sa a, n'a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pat bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye.