Ezekyèl 33:7-12

Ezekyèl 33:7-12 HAT98

Kounyeya, nonm o! Mwen mete ou faksyonè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesay m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen. Si mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l mouri, epi ou pa avèti l pou l chanje, pou l kite move pant l'ap swiv la pou l ka sove lavi l, l'ap toujou mouri poutèt peche l yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou. Senyè a pale avè m', li di mwen ankò: — Ras Adan! W'a fè moun Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fot nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò! Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Senyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran okenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa? Ou menm, nonm o! Men sa w'a di moun ou yo: Yon moun te mèt bon kou l bon, li te mèt mache dwat kou l mache dwat, jou li fè sa ki mal, li gen pou l peye sa. Jou mechan an va sispann fè sa ki mal, yo p'ap pini l pou sa li te konn fè a. Konsa tou, lè yon moun ki t'ap mache dwat pran fè sa ki mal, yo p'ap gade sou jan l te konn mache dwat la pou yo pa fè l peye sa l fè a.