Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Senyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m pou m delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini. M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Li Egzòd 6
Koute Egzòd 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 6:6-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo