Bondye pale ak Moyiz, li di l: — Se mwen menm ki Senyè a. Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pat fè yo konnen m sou lòt non mwen an, ki vle di: Senyè a. Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a. Kounyeya, mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a. Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Senyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m pou m delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini. M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Li Egzòd 6
Koute Egzòd 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 6:2-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo