Egzòd 6:1-13

Egzòd 6:1-13 HAT98

Senyè a di Moyiz konsa: — Se kounyeya ou pral wè sa m pral fè farawon an. Mwen pral fè l santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi li a. Bondye pale ak Moyiz, li di l: — Se mwen menm ki Senyè a. Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pat fè yo konnen m sou lòt non mwen an, ki vle di: Senyè a. Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a. Kounyeya, mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a. Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Senyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m pou m delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini. M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Senyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l rele nou chèmèt. Moyiz di pèp Izrayèl la sa, men yo pat vle kwè l, paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo. Lè sa a, Senyè a di Moyiz konsa: — Ale bò kote farawon an, wa Lejip la. Di l konsa pou l kite pèp Izrayèl la sòti kite peyi l la. Men, Moyiz di Senyè a: — Ata pèp Izrayèl la pat koute m, atò se farawon an ki ta koute m? Mwen tou pa konn pale. Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon. Li ba yo lòd pale ak pèp Izrayèl la ansanm ak farawon an, wa Lejip la, pou fè yo konnen yo tou de te resevwa lòd fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip.