Egzòd 4

4
1Moyiz reponn li:
— Men, moun yo ka refize kwè m, yo ka pa koute sa m gen pou m di yo a. Yo ka di m se pa vre, Senyè a pat kras parèt devan mwen.
2Senyè a mande l:
— Kisa ou gen nan men ou la a?
Moyiz reponn li:
— Yon baton.
3Senyè a di l:
— Jete l atè.
Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri. 4Senyè a di Moyiz:
— Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke.
Moyiz lonje men l, li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz. 5Senyè a #Egz 3.6; 19.9 di:
— Men sa w'a fè pou yo ka kwè Senyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou.
6Senyè a #Nonb 12.10; 2 Wa 5.27 di l ankò:
— Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou.
Moyiz foure men l anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l, men l te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp. 7Senyè a #2 Wa 5.14 di l:
— Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou.
Moyiz foure men l anndan chemiz li ankò. Lè li wete l, men li te menm koulè ak rès kò li. 8Senyè a di Moyiz:
— Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a. 9Si #Egz 7.19 apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l atè. Lamenm, dlo a va tounen san.
10Moyiz #Egz 6.12; Jer 1.6 di Senyè a:
— Eskize m wi, Senyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm kounyeya, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare.
11Senyè a di l:
— Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Senyè a? 12Bon, #Eza 50.4; Jer 1.9; Mak 13.11; Lik 21.15 ou mèt ale. M'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.
13Moyiz di:
— Eskize m wi, Senyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?
14Lè sa a, Senyè a move sou Moyiz, li di l konsa:
— Gen Arawon, frè ou la, ki sòti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang mesye pa mare nan bouch li. Men kounyeya, li gentan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou. 15W'a #Egz 4.12; 7.1,2; Nonb 23.5; Det 18.18; 2 Sam 14.3; Eza 51.16 pale avè l, w'a di l sa pou l di. M'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. M'a di nou sa pou nou fè. 16L'a #Egz 18.19 pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di. 17Kanta baton sa a, toujou kenbe l nan men ou. Se avèk li w'a fè tout mirak ou gen pou fè yo.
18Moyiz kite kote l te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li:
— Tanpri, kite m ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou.
Jetwo di Moyiz:
— Ale ak kè poze.
19Antan #Egz 2.15,23; Mat 2.20 Moyiz nan peyi Madyan, Senyè a di l:
— Kounyeya, tounen nan peyi Lejip, paske tout moun ki t'ap chache touye ou yo fin mouri.
20Moyiz #Egz 4.2,17; 18.2-4; Nonb 20.8,9 pran madanm li ak pitit gason l yo, li mete yo sou bourik, epi li tounen nan peyi Lejip. Moyiz te gen baton Bondye a nan men l. 21Senyè a #Egz 7.3; 9.12; 10.1,20; 11.10; 14.4; Det 2.30; Joz 11.20; Eza 63.17; Jan 12.40; Wòm 9.17,18 di Moyiz konsa:
— Kounyeya, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale. 22W'a #Jer 31.9; Oze 11.1; Wòm 9.4 di farawon an: Men sa Senyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen. 23Mwen #Egz 11.5; 12.29 di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l ale, mwen menm m'ap touye premye pitit gason ou lan.
24Pandan #Jen 17.14; Nonb 22.22 vwayaj la, Moyiz rete pase nwit yon kote. Senyè a vin atake Moyiz. Li t'ap chache touye l. 25Sefora #Joz 5.2,3 pran yon moso wòch byen file, li koupe pwent po ti kòk pitit gason l lan, li voye l jete nan pye Moyiz. Epi li di:
— Se yon mari san ou ye pou mwen.
26Apre sa, Senyè a kite Moyiz. Lè sa a, se poutèt sikonsizyon an Sefora te di ou se yon mari san pou mwen.
27Senyè a #Egz 3.1 di Arawon:
— Ale kontre Moyiz nan dezè a.
Arawon pati, li kontre Moyiz sou mòn Bondye a. Li pase bra l nan kou l. 28Moyiz #Egz 4.2-9,15,16 di Arawon tou sa Senyè a te di l anvan li te voye l la. Li fè l konnen tout mirak Senyè a te ba li lòd fè. 29Moyiz #Egz 3.16 ak Arawon pati ansanm, yo sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la. 30Arawon di yo tou sa Senyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la. 31Pèp #Egz 3.7,16,18; 12.27; 1 Kwo 29.20 la vin kwè yo. Lè yo tande Senyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte