Egzòd 33:12-23

Egzòd 33:12-23 HAT98

Moyiz di Senyè a: — Ala ou di m fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m kilès w'ap voye avè m pou ede m. Men, kounyeya ou di m ou konnen m byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil. Bon, si ou kontan m vre, tanpri, fè m konnen lide ou gen nan tèt ou pou m ka konnen ki moun ou ye, pou m ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi! Senyè a reponn: — Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo. Moyiz di l: — Si se pa ou menm menm k'ap mache avè nou, ou pa bezwen kite nou sòti isit la. Lè ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo. Senyè a di Moyiz: — M'a fè sa ou mande m lan, paske ou fè kè m kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye. Moyiz di l: — Tanpri, fè m wè pouvwa ou! Lè sa a Senyè a reponn li: — M'ap fè ou wè jan m gen bon kè, m'ap nonmen non m devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye. Senyè a pale ankò, li di: — Ou p'ap kapab wè figi m, paske okenn moun sou latè pa kapab wè figi m pou l kontinye ap viv apre sa. Li di ankò: — Men yon ti plas bò kote m. W'a kanpe sou wòch sa a. Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou wòch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase. Apre sa, m'a wete men m sou ou. Se do m ase w'a wè k aprale, men ou p'ap wè figi m.