Moyiz kriye nan pye Senyè a, Bondye li a, li di l: — Senyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute sòti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou? Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? Y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo sòti kite Lejip pou l te ka touye yo nan mòn yo, pou l te ka disparèt yo sou latè. Senyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a. Chonje èvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te sèmante sou tèt ou. Ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit ankantite. Y'ap tankou zetwal nan syèl. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan.
Li Egzòd 32
Koute Egzòd 32
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 32:11-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo