Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m pou m di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase. Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou sòti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Chèf fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, w'a va ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Senyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n'al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an.
Li Egzòd 3
Koute Egzòd 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 3:16-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo