Egzòd 3:10-22

Egzòd 3:10-22 HAT98

Kounyeya, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an sòti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi sa a. Moyiz di Bondye: — Ki moun mwen ye menm pou m ta penmèt mwen ale bò kote farawon an pou m fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip? Bondye di l: — M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la sòti kite peyi Lejip, n'a sèvi m sou mòn sa a. Moyiz di Bondye konsa: — Bon. Kounyeya, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m: Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m reponn yo? Bondye di Moyiz: — Sa m ye a se sa m ye. Apre sa li di ankò: — W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo. Bondye di Moyiz ankò: — Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m sou latè de tit an tit. Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m pou m di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase. Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou sòti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Chèf fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, w'a va ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Senyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n'al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an. Mwen konnen wa peyi Lejip la p'ap kite nou ale, si yo pa fòse l. Se poutèt sa, m'ap lonje men m, m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, la kite nou ale. M'a fè mèvèy jouk tan moun peyi Lejip yo va aji byen ak pèp mwen an. Konsa, lè n'a pare pou nou pati kite yo, nou p'ap sòti san anyen nan men nou. Chak fanm va mande vwazin li pou yo ba li rad ak bijou an ajan ak bijou an lò. L'a fè menm bagay la ak fanm pèyi Lejip ki rete lakay li yo. Lèfini, n'a mete yo sou pitit gason ak pitit fi nou yo. Konsa, n'a pran tou sa moun peyi Lejip yo genyen.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an