Moyiz t'ap gade mouton ak kabrit Jetwo, bòpè li, ki te yon prèt nan peyi Madyan. Moyiz mennen bèt yo lòt bò dezè a. Li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a. Zanj Senyè a parèt devan l sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule. Lè sa a, Moyiz di nan kè li: — Kite mwen pwoche pi pre pou mwen wè mèvèy sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule a? Lè Senyè a wè Moyiz t'ap pwoche pou l gade, li rete nan mitan touf bwa a, li rele l, li di: — Moyiz! Moyiz! Moyiz reponn: — Men mwen wi.
Li Egzòd 3
Koute Egzòd 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 3:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo