Egzòd 3:1-17

Egzòd 3:1-17 HAT98

Moyiz t'ap gade mouton ak kabrit Jetwo, bòpè li, ki te yon prèt nan peyi Madyan. Moyiz mennen bèt yo lòt bò dezè a. Li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a. Zanj Senyè a parèt devan l sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule. Lè sa a, Moyiz di nan kè li: — Kite mwen pwoche pi pre pou mwen wè mèvèy sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule a? Lè Senyè a wè Moyiz t'ap pwoche pou l gade, li rete nan mitan touf bwa a, li rele l, li di: — Moyiz! Moyiz! Moyiz reponn: — Men mwen wi. Bondye di: — Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou. Paske kote ou kanpe a, se yon tè ki apa. Bondye di ankò: — Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l, paske li te pè gade Bondye. Senyè a di: — Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri. Mwen desann pou m vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m fè yo sòti nan peyi Lejip la, pou m mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. Bondye di ankò: — Kounyeya menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo. Kounyeya, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an sòti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi sa a. Moyiz di Bondye: — Ki moun mwen ye menm pou m ta penmèt mwen ale bò kote farawon an pou m fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip? Bondye di l: — M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la sòti kite peyi Lejip, n'a sèvi m sou mòn sa a. Moyiz di Bondye konsa: — Bon. Kounyeya, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m: Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m reponn yo? Bondye di Moyiz: — Sa m ye a se sa m ye. Apre sa li di ankò: — W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo. Bondye di Moyiz ankò: — Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m sou latè de tit an tit. Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m pou m di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase. Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou sòti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Egzòd 3:1-17

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an