Egzòd 3:1-10

Egzòd 3:1-10 HAT98

Moyiz t'ap gade mouton ak kabrit Jetwo, bòpè li, ki te yon prèt nan peyi Madyan. Moyiz mennen bèt yo lòt bò dezè a. Li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a. Zanj Senyè a parèt devan l sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule. Lè sa a, Moyiz di nan kè li: — Kite mwen pwoche pi pre pou mwen wè mèvèy sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule a? Lè Senyè a wè Moyiz t'ap pwoche pou l gade, li rete nan mitan touf bwa a, li rele l, li di: — Moyiz! Moyiz! Moyiz reponn: — Men mwen wi. Bondye di: — Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou. Paske kote ou kanpe a, se yon tè ki apa. Bondye di ankò: — Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l, paske li te pè gade Bondye. Senyè a di: — Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri. Mwen desann pou m vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m fè yo sòti nan peyi Lejip la, pou m mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. Bondye di ankò: — Kounyeya menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo. Kounyeya, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an sòti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi sa a.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Egzòd 3:1-10

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an