Egzòd 20:1-12

Egzòd 20:1-12 HAT98

Bondye pran pale, li di: — Se mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Lejip kote nou te esklav la. Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm selman. Piga nou janm fè okenn estati ni okenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. Men, lè yon moun renmen m, lè li fè sa m mande l fè, m'ap moutre l jan mwen renmen l tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil generasyon. Piga nou sèvi mal ak non Senyè a, Bondye nou an, paske Senyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li. Toujou chonje jou repo a pou nou mete l apa pou mwen. N'a travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè. Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou. Paske, Senyè a te pran sis jou pou l fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Senyè a beni jou repo a, li mete l apa pou li. Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an