Lè sa a, Moyiz te gentan majè. Yon jou, li soti pou l'al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun ejipsyen ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo. Li voye je l adwat, li voye je l agòch, li pa wè pèsonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la. Nan denmen, li sòti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a: — Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa? Men, nonm lan reponn li: — Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l: — Aa! Gen moun ki konnen sa m te fè a! Farawon an pran nouvèl sa k te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l. Men Moyiz chape kò l anba men l, l'al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.
Li Egzòd 2
Koute Egzòd 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 2:11-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo