Egzòd 2:1-10

Egzòd 2:1-10 HAT98

Yon nonm nan branch fanmi Levi a te marye ak yon fi nan menm branch fanmi an. Madanm li vin ansent, li fè yon pitit gason. Lè li wè jan ti pitit la te bèl, li kache l pandan twa mwa. Men, li pat kapab kache l pi lontan pase sa. Se konsa, li pran yon panyen jon, li badijonnen l byen badijonnen ak goudwon ansanm ak gonm bwapen. Li mete ti pitit la ladan l. Lèfini, li mete panyen an ak tout pitit la ladan l nan mitan yon touf wozo, sou bò gwo larivyè a. Sè ti pitit la menm te rete kanpe yon ti distans pou l wè sa k ta pral rive pitit la. Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l'al benyen. Medam ki te avè l yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l. Li louvri panyen an, li wè ti pitit la: se te yon ti gason ki t'ap kriye. Kè l fè l mal pou li. Li di: — Se yonn nan timoun ebre yo. Lè sa a, sè ti gason an pwoche, li di pitit fi farawon an: — Eske ou vle m'al chache yon nouris pou ou nan mitan medam ebre yo pou bay ti pitit la tete pou ou? Fi Farawon an di li: — Ale non. Ti fi a al chache manman ti pitit la. Fi farawon an di manman an konsa: — Pran ti pitit sa a, mete l nan tete pou mwen. M'a peye ou pou sa. Madanm lan pran ti pitit la, li ba l tete. Lè ti gason an vin gran ti bway, li mennen l bay fi farawon an ki adopte l pou pitit li. Lè sa a, fi farawon an di: — Se nan dlo mwen wete l. Se konsa, li rele l Moyiz.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an