Moyiz moute sou mòn lan, l'al bò kote Bondye. Senyè a rete sou tèt mòn lan, li rele Moyiz, li di l: — Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo, men sa pou ou fè pèp Izrayèl la konnen: Senyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen. Kounyeya menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre. Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo.
Li Egzòd 19
Koute Egzòd 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 19:3-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo