Egzòd 17:1-16

Egzòd 17:1-16 HAT98

Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Senyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pat gen dlo la pou pèp la te bwè. Yo leve kont ak Moyiz. Yo di li: — Ban nou dlo pou nou bwè! Moyiz reponn yo: — Poukisa n'ap chache fè kont ak mwen konsa? Poukisa n'ap eksite Senyè a konsa? Men, swaf dlo t'ap bat pèp la anpil. Yo t'ap bougonnen sou do Moyiz epi yo t'ap di: — Pouki ou fè nou kite peyi Lejip? Genlè se pou te ka fè nou vin mouri swaf isit la ak pitit nou yo ansanm ak tout bèt nou yo? Moyiz lapriyè nan pye Bondye pou mande li sekou. Li di: — Kisa pou mwen fè ak moun sa yo? Yo sanlè kalonnen mwen wòch touye mwen! Senyè a di Moyiz: — Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo larivyè Nil lan nan men ou. Epi mache. Mwen menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tèt gwo wòch Orèb la. W'a frape wòch la, dlo va sòti ladan l. Pèp la va bwè. Se sa menm Moyiz te fè devan chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, Paske pèp Izrayèl la t'ap chache fè kont, yo t'ap eksite Senyè a lè yo t'ap mande: Eske se vre Senyè a nan mitan nou tout bon? Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin atake li. Moyiz di Jozye konsa: — Chwazi kèk vanyan gason. Denmen maten, soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, bò pa mwen, m'a moute ak baton Bondye a nan men mwen. Mwen v'al kanpe sou tèt mòn nan. Jozye fè tou sa Moyiz te di l fè. Li sòti al goumen ak moun Amalèk yo. Moyiz menm moute sou tèt ti mòn lan ansanm ak Arawon ak Our. Toutotan Moyiz te kenbe men li anlè, se moun Izrayèl yo ki te pi fò. Men kou Moyiz bese men li, moun Amalèk yo vin pi fò. Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l t'ap fè l mal. Arawon ak Our pran yon wòch, yo mete l deye Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche. Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe. Apre sa, Senyè a di Moyiz: — Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa jan n bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l ankò. Moyiz bati yon lotèl, li rele l: Senyè a se drapo m. Apre sa li di: — Men mwen leve men m devan fòtèy Senyè a, Senyè a p'ap janm sispann goumen ak moun Amalèk yo.