Senyè a di Moyiz: — Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou. Nan aswè, zòtolan vini, yo kouvri tout kote yo te moute tant yo a. Nan maten, te gen yon kouch lawouze toutalantou kote pèp la te moute tant yo a. Lè lawouze a disparèt, li kite yon kwout tou blan atè nan dezè a. Kwout la te fen, li te plen ti grenn tankou sèl, li te kouvri tout atè a. Lè moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pat konn sa l te ye. Yonn t'ap di lòt: — Sa sa ye sa? Moyiz di yo: — Sa a, se pen Senyè a ban nou pou nou manje. Men lòd Senyè a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun. Moun pèp Izrayèl yo fè sa Moyiz te di yo fè a. Gen moun ki te ranmase plis, gen lòt ki te ranmase pi piti. Men, lè yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pat gen twòp, sa ki te ranmase pi piti yo pat manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Moyiz di yo: — Piga pèsonn sere anyen pou denmen. Men gen moun ki pat koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vè, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo.
Li Egzòd 16
Koute Egzòd 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 16:11-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo