Moyiz alatèt, li fè pèp Izrayèl la pati kite bò lanmè Wouj la. Yo mete tèt sou dezè Chou. Yo t'ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn yon gout dlo pou bwè. Yo rive Mara. Yo pa te ka bwè dlo zòn lan paske li te anmè. Se poutèt sa yo rele kote a Mara, ki vle di: Anmè. Pèp la pran bougonnen sou do Moyiz nan dezè a epi y'ap mande: — Atò kisa pou nou bwè koulyeya? Moyiz rele Senyè a, li lapriyè nan pye l. Senyè a moutre l yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Senyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t'ap chache sonde yo. Li di yo: — Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Si nou koute m lè m pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Senyè a, k'ap geri nou.
Li Egzòd 15
Koute Egzòd 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 15:22-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo